Réseau Succès

des Entrepreuneurs Chrétiens

Réseau Succès des Entrepreneurs Chrétiens la poul ankouraje biznis kap proteje anvironman, kap proteje nati Bon DYE Kreye a pou pep li a kapab viv byen. Lap ede tout moun ou byen kompai , ou byen antrepriz kap fè ANTREPRENARIA KRETYEN OU ANTREPRENARIA SOSYAL , ki yo men ap reyenvesti yon bon pati nan pwofi yo fè pou amelyore la vi moun ki pi pov yo.
You antreprenè kretyen pa bezwen tan se lè li genyen ampil lajan poul komanse you biznis. Gen antrepriz li ka menm komanse san li pa genyen 5 kob.Paske lè avan tout lot bagaj li gen Bon DYE, ak bel pwojè, ak kontak moune, plis konesans, sil konnen byen sa la fè, la kapab itilize tout mwayen sa yo kom you gwo kapital poul komanse nenpot biznis. La bib di nan 3 Jan 1 :2 Byenneme, mwen swete tout bagay ap mache byen pou w. Mwen swete w an sante nan kòw tankouw an sante nan nanm ou. Sa vle di si nanm ou pa byen konekte ak Bon DYE, kelke swa sa w vle fè a li pap janm mache.
Rezo Siksè ap ofri tout moun ki gen yon kay Ozetazini se okazyon pou yo change kouran eletri k nan kay la, ke yap peye byen chè a e ki an menm tan an ap detwi nati ak polisyon, yap mete sistèm eneji solèy la ki li menm ap redwi bil yap peye a paske li pi bon mache e li pap kraze nati a ak polisyon kap fè moun malad. Ban nou sèlman adres ak telefon ou, epi you ajan kompai a ap kontaktew pou li wè si w kalifye. Apwè sa yap vini mete nan kay la tout ekipman eneji sole ke wap gen bezwen san w pa depanse 5 kob. Slèman chak mwa wap wè bil kouran vini jwenn ou pi piti ke sa w te kon peye anvan. Si w pran bio gaz la nan men kompai saa bil gaz ou a ap vini pi bon mache tou. Nou kapab bay sèvis saa nan 21 eta nan peyi Etazini. Pita ma ban nou lis Eta sa yo ak sèvis nou ka bay ladan yo. Pou plis enfomasyon ale sou sit web www.reseausucces.org answit klike sou cheapest energy solar ki nan meni ba la.
Rezo Siksè ofri tou pi bon pri sou nenpot tikè avyon,pou nenpot peyi nou vle ale sou planèt la, e nan nenpot avyon w vle vwayaje.Si w ta jwenn you tikè a yon pri ki pi ba ke pri nou vann ou biyè avyon, nan 12 a 24 è, voye ban nou prèv ki moutre ke reyèlman ou jwenn tikè a yon pi bon pri, non sèlman nap baw li nan avyon w vle ale a pou pri w jwenn li an, anplis desa, nap peye w diferans lan a 110%. Pou plis enfomasyon vizite sit web : www.reseausucces.org answit klike sou cheapest ticket.
Men kouman w kapab fè kob
Ou kapab peye US$ 323 pou enskri nan pwogwam Pano Sole a. Lè saa wap resevwa pou chak klyan ki asepte itilize pano sole a la kay li US$ 1000.00, Plis wap resevwa chak mwa pandan 20 lane you pati nan kob li peye pou kantite kouran eletrik li boule a. Answit yap peye yon lot kob chak mwa sou kantite kob chak Asosye w te ede antre nan biznis lan fè, anfen gen lot kob ke yo pwal peye kom bonis ke nou va eksplike w pi devan.
Ou pa bezwen kob pou w enskri yon ONG ki pa peye taks (ki genyen 5o1c3) lap kapab jwi menm privilèj ak you moun.
Men siw pa vle peye US$ 323 pou vini yon Asosye nan biznis la. Ou kapab toujou resevwa US$ 250 pou chak klyan ke w refere e ki asepte itilize pano soley la.
Pou w fè kob nan pwogwam vwayaj la, fok ou peye US$ 49 ki se you spesial kap fini 31 Desamb 2016 pou w enskri kom you club Member e wap peye US$ 39 pa mwa, jis lè w enskri 4 lot manm. Apwè sa wap peye US$ 99.00. Gen de epok ou mem ak 3 lot manm nan fanmiw wap kapab benefisye jiska 50% rabè sou pri tikè avyon an plis pwen ke yap baw pou chak tikè, wap jwenn rabè tou sou otel, lokasyon machin, kwazyè elatriye… wap resevwa bonis tou sou kantite klyan ak kob lot moun ou mete nan biznis vwayaj la fè chak mwa. Men siw pa vle peye kounyea US$ 49 wap kapab enskri gratis men wap benefisye sèlman jiska 15% rabè sou tikè, otel ak lokasyon vwati.


Ed ou ap trezenpotan pou nou, lap ede nou reyalize objektif sa yo :
Evanjelizasyon
Antreprenaria Kretyen / Sosyal
Kreyasyon Antrepriz/ Anplwa
Pwoteksyon anvironman
Kreyasyon richès pou tout moun
Chanje vi AYTIEN ki pi pov yo an pei d’AYTI.